top of page

COVID -19 Updates and Remarks by Dr. Schubert Perotte

| Translations Angeline Vil, CHW, Haitian Kreyol












Mesaj pou tout kominote a,


Se yon onè pou mwen paske Angeline Vil te chwazi m pou m pataje konesans medikal mwen ak konpreyansyon sou sante. Kovid-19 se pi bon sijè nan moman-an pou m kòmanse. Te gen anpil diskisyon sou maladi sa a, ki jan li te chanje lavi nou ak fason doktè yo travay chak jou. Kòm yon doktè nan domèn medikal, mwen menm ak tout ekip enfimyè yo te nan premye liy ki sipòte swen ke nou bay ak tout pasyan yo.


Mwen pral diskite 5 pwen ke nou tout ta dwe konnen.


1. Non viris sa a ak maladi a: Premye non yo te bay kowonaviris la se te Novel. Aprè sa, yo vinn rele l SARS CoV2.

S – sevè A – acute (grav) R – respiratwa S – sentòm Ko – kowona V – viris 2-2 B. Aprè sa, SARS CoV2 vinn rele Kovid-19. Ko – kowona Vi – viris D –diziz (maladi) 19 – ane epidemi an te kòmanse


2. Pwofesyonèl kap bay swen sante yo pandan Pandemi an: Nou menm, kòm moun kap bay swen sante, kap pratike pandan tan sa a, nou pa janm wè okenn bagay konsa anvan. Nou sonje dega grip Panyòl la te fe, men sa te pase 100 ane deja. Mwen menm pèsonèlman, mwen pa janm tande pale de yon bagay konsa, jiskaske Kovid-19 te vinn kòmanse e ki lakòz lanmò toupatou isit nan Ozetazini.

Gen doktè, enfimyè, teknisyen, sekouris, ki deside pran retrèt yo bonè oswa kite branch medikal la nèt. Rezon prensipal, kifè yo kite, se paske maladi sa a mete yo tout nan yon sitiyasyon ki difisil anpil. Anplis, yo pa vle ekspoze tèt yo, granmoun yo, moun ki gen maladi ki pa deklare, men ki rete lakay yo. Kantite lanmò Kowonaviris la te fè pandan premye brimad la, se yon bagay nou pat janm wè anvan. Nou menm, ekip medikal yo ki deside rete pou kontinye bay pasyan yo swen, pi devan pral gen anpil kè sote, depresyon, twomatize ak lòt domaj. Ann kontinye sipòte epi priye pou ekip medikal yo kap pran swen pasyan yo.


3. Pi bon tretman an se prevansyon: Nou tout ta dwe vijilan epi fè prekosyon. Premye liy defans lan se mete mask, lave men e kenbe distans sosyal. Dezyem liy defans lan se vaksinasyon. Vaksen an diminye kantite moun ki etène lopital e kantite moun ki mouri pandan pandemi Kovid-19 la. Kote atravè peyi a, pousantaj moun ki pran vaksen an ak boustè yo wo, kantite moun ki etène lopital e kantite moun ki mouri pousantaj la ba. Lè w konpare l ak lòt zòn, kote pousantaj moun ki pa pran vaksen an wo, kantite moun ki etène lopital e kantite moun ki mouri pousantaj la wo anpil.


4. Sentòm ak Tès Ou ka gen nenpòt nan sentòm sa yo, sentòm sa yo parèt 4èm oswa 5èm jou aprè ou finn ekspoze. Gen kèk moun ki ka santi sentòm sa yo pi bonè, konsa tou lòt moun ka santi yo pita.


Lafyèv Tous Difikilte pou respire Fatig doulè nan kò Tèt fè mal Pèdi gou bouch ou oswa ou pa ka pran sant Gòj fè mal Nen bouche oswa nen kap koule Kè plen, vomisman, dyare Ou ka jis pa santi w byen


Si w gen youn oswa plizye nan sentòm sa yo ou ta dwe fè tès la san grate tèt. Tès yo disponib nan plizyè zòn e yo disponib sou de fòm: tès antijèn, sa ki rapid la oswa tès Polymerase Chain Reaction (PCR) ki pran 2 oswa 3 jou pou jwenn rezilta.


5.Tretman ak medikaman Nou tout tande pale de anpil tretman ki soti nan plizyè sous. Pami sa ki popilè yo: Zithromax, Hydroxychloquine, Ivermectin, Plasma Convalesans, Zink ak Vitamin C. Malerezman, okenn nan tretman sa yo pat pwouve ke yo travay epi fè okenn chanjman. Sak pi mal la, yo lakòz efè segondè, ki menase lavi moun oswa agrave pwoblem sante w. Kovid-19 lakòz gen anpil gwoup moun ki gen enkyetid ak laperèz. Anpil rechèch ki te fèt te konsidere kom rechèch ki san valè, paske yo te mal fèt, yo pataje fo enfòmasyon ak konklizyon ki pa vrè. Nou ta dwe sèlman kwè nan atik ki gen bon kalite e ki revize pa plizyè pwofesyonèl e ki ale nan piwo nivo.

Tanpri chèche konsèy nan men pwofesyonèl medikal yo. si w gen kesyon sou tretman ak medikaman ou ka benefisye oswa pou moun ou renmen yo. Pou fini, nou tout ta dwe pwoteje tèt nou ak fanmi nou. Pran vaksen an ak boustè yo depi ou kalifye. Si w kòmanse gen sentòm tanpri fè tès la, izole tèt ou si w pozitif epi pale avèk doktè w sou tretman yo pou ou menm oswa manm nan fanmi w. Mèsi pou lekti- a e mwen espere ke li itil ou.


Schubert Perotte, MD, FACEP Angeline Vil, CHW, Haitian Kreyòl Translator

7 views0 comments
bottom of page